News and opinions on situation in Haiti
  
Subscribe to InI’s Mailing List/Newsletter
  
14/5/06

On May 18, 2006 ANSWER THE CALL: Help protect the Feb. 7th vote, say no to Protectorate | Repon-n Apèl la: ede pwoteje vòt 7 fevriye 2006 la kote tout Ayisyen tal vote

 

   

Date: 14 May 2006

Press Release: ANSWER THE CALL (Kreyol and English_
www.margueritelaurent.com/solidarityday/18_06pressrel.html#06call

The 2006 Haiti Resolution : ANSWER THE CALL on May 18, 2006 (Kreyol & English)
ANSWER THE CALL: Help protect the Feb. 7, 2006 Haitian vote
www.margueritelaurent.com/law/res2006.html

ANSWER THE CALL (Resolution and Press Release) Translated from English by Frantz Jerome, Ezili Danto Witness Project

***********************

Rezolisyon 2006

Repon-n Apèl la: ede pwoteje vòt 7 fevriye 2006 la kote tout Ayisyen
tal vote.

Lè nou konsidere kòman, tout moun ki kwè nan demokrasi, lapè, ak moun
kap goumen pou dwa moun atravè lemondantiye repon-n apèl Hatian Lawyers
Leadership Network lan (HLLN ‘ Rezo Avoka Ayisyen kap ofri Direksyon)
pou fè tout Ayisyen konnen: ke yo pa pou kònt yo! Nap flote drapo ble e
rouj Desalin lan, koulè liberasyon Ayiti a – jiskaske Ayiti libere
toutbonvre! Ann sipòte mouvman rezistans lan nan peyi Dayiti kou aletranje,
pounn di non a koudeta lanmo Meriken/Kanada/Lafrans, non a tout fòm
dokipasyon etranje nan peyi Dayiti. Mouvman Pou Libere Ayiti a kwè fòk
vòt 7 Fevriye a rive respekte e fòk nou libere Ayiti anba men tout lame
etranje, dominans, depandans avèk entèvansyon neyoliberal yo.

Lè nou konsidere kòman, moun ki kwè nan demokrasi toutbonvre, lapè, ak
moun kap defann dwa moun atravè lemondantiye sipòte Mouvman Pou Libere
Ayiti-a e yo kanpe an solidarite avèk pèp Ayisyen an kònt koudeta
defakto-a. E yo pap sipòte okennen mannigèt pou mete Ayiti soutitèl
nasyonzini oubyen lòt fòm okipasyon etranje. Nap denonse atanta kap fèt pou
mete presyon sou Prezidan Preval nan yon fason pou yo ka rive kontwole
majorite demokrat la ak yon tandans ki ta vle fè konprann ke vòt 7 fevriye
a seta yon opiniyon piblik.

Lè nou konsidere kòman, yo sistematikman minimize majorite moun pòv-yo
an Ayiti, yo menn rive exkli-yo pou yo ka pa patisipe nan desizyon ak
zafè pwòp peyi-yo. Tiran ki fè koudeta lanmo-a mete pèp-la an fas yon
opresyon krazezo ‘ pandansetan plis pase 20,000 moun deja pèdi lavi yo
depi koudeta 29 fevriye 2004-la. E jodia-a genplis pase 4000 moun kap
gemi nan prison sanrezon, selman 10% nan moun sa-a yo konnen poukisa yo
nan prizon. Moun Fanmi Lavalas yo menm, pati Prezidan Jean-Bertrand
Aristide-la, sa kipa nanprizon-yo an ekzil, ouswa yon valè mouri oubyen
yon lòt valè nan kache e yo tounnen refije andedan peyi Dayiti.

Lè nou konsidere kòman, ansanm avèk èd zanmi kap kore batay pou libere
Ayiti a, nou menm Ayisyen nan HLLN nou expoze finansman kolonyal
machann koudeta yo, epitou nou kore tout Ayisyen sila yo ki pa gen vokasyon
restavèk e ki, san bwi san kont ap fè ladènyè lè yo fè radiyès bon papa
peyi oksidan yo vin raz, san konsekans, yon bagay menm ti inosan pape
kwè. Makònay entèvansyon entènasyonal ilegal ak kriminèl Sovè
entènasyonal sa yo ak gwo zam fann fwa yo, kriyote san pitye yo, konplotè move
zafè yo, gwo medya toupwisan yo, finansman entènasyonal yo, pouvwa
politik ak diplomatik koronpi yo, sila yo ki gen defayans moral yo,
entèvansyon yo historikman pajanm e ap toujou san defans, paske se pi gwo pwobèm
peyi d’Ayiti,

Lè nou konsidere kòman, Afriken ak zanmi kap mache nan solidarite avèk
Ayisyen dwe sonje sakrilèj ou vyolasyon bisantnè 2004-la ansanm ak tout
Ayisyen kap batay pou libète atravè lemondantye dwe sèmante swasandisèt
fwa sèt fwa pou-yo fè telefon rouj, voye fax oubyen pote bay anbasad
Lafrans, Kanada ak Lèzetazini ak tout konsila atravè lemondantye ‘ pèp
Ayisyen mande pou Lafrans, Kanada, Lèzetazini ak kominote entènasyonal la
respekte souverènte Ayisyen an, sispann enpoze sou Ayiti vye
zakcharitab degrengòch ki genladan l tradiksyon patènèl ak rasis ki bay yo
opòtinite pou kontinye pote vye entèvansyon kowonpi nan zafè peyi Dayiti
atravè èd ak dèt etranje. Pa bliye ke se jèfò entènasyonal yo ki lakòz
Ayiti kote-li ye jounen jodi a.

Lè nou konsidere kòman, Afriken ak zanmi Ayiti nan lemondantye dwe ale
depoze nan anbasad Lafrans ak Meriken ak konsila atravè lemondantye,
yon lèt avan ou jou 18 Me 2006 la menm, pou mande lafrans remèt 22 milya
dola Lèzetazini dwe peye tou (1914 jiska 1947) lot pati nan dèt
esklavaj illegal la ke Meriken te ‘refinanse’ nan 1914 (yo te anfose li atwavè
19 ane okipasyon), Lèzetazini te resevwa dènye peyman-an 1947, aprè Pèp
Ayisyen te kase chèn lesklavaj rasyal pou te genyen endependans li. Se
nansans sa a noumenm defandè demokrasi prezante 8 pwen Rezolisyon
Ayiti-a devan lemond menmjan HLLN di l. Rezolisyon sa a gen sipòt baz popilè
demokrat la, lidè kominote majorite moun pòv yo ann Ayiti ak Mouvman
Pou Libere Ayiti a.

Nou declare tout moun ki kanpe nan solidarite avèk pèp Ayisyen an ak
moun ki vle fè pati mouvman pou libere Ayiti a adopte ‘8 pwen demann ki
nan rezolisyon pou Ayiti a’ oubyen fè yon efò pou sipòte demann sa yo.
Fòk yo:

1. Sispann touye, fè kadejak, arete moun san rezon epitou tout fòm
pèsekisyon politik dwe kaba;

2. Respekte vòt 7 Fevriye, 2006 lan nan aplikasyon konstitisyon an;

3. Kore apèl pèp Ayisyen an lè lap mande otorite yo mache prese- prese
sou dosye eleksyon yon lejislati Ayisyen lejitib, libelibè, tabli yon
dat sèten pou inogirasyon Prezidan Rene Preval, epi pou kominote
entènasyonal la ak medya yo sispann fè presyon pou vilifye e konpwomèt
lejitimite manda Prezidan Rene Preval lan oubyen fè presyon sou ekip gouvèlman
an pou yo aksepte konpwomi Enstitisyon Finans Entènasyonal yo, epitou
lonje pouvwa ak pòs bay pèdan eleksyon 7 Fevriye 2006 yo;

4. Libere tout prizonye politik yo anvan inogirasyon Prezidan Preval;

5. Dezame, asiyen epi Mennen eskadron lanmò an, ansyen militè,
paramilitè, polisye koronpi ak tout òkestratè koudeta a devan lajistis; kore
aplikasyon, egalego, program nasyonzini Demobilizasyon, Dezameman ak
Reentegrasyon an pou moun nan katye pòv yo, tankou Bèlè, Site Solèy,
Solino, Gran Ravin, Matisan, elatriye, ak pwogram sosyal Ayisyen defini e
aplike, san mobilizasyon ansyen militè yo oubyen entegrasyon moun sa yo ki
gwo jounen pase dwa moun anba pye oubyen ankò solda krazezo yo andedan
lapolis lan.

6. Demakònnen polis Ayisyen ak fòs lapè Nasyonzini an ak tout fòs
militè, pa ankouraje okennen lame sou tè ayisyen, kelkeswa domestik ou
etranje, men pito yon polis ki chita soubaz kominotè; yon nasyonzini ki vize
kominote a ak yon polis ayisyen kap travay pou bay fòmasyon e entèdi
tank nasyonzini yo, tout gwo zanm, ekipman ak tout lòt tizanm yap voye
antre nan peyi Dayiti.

7. peyi ki resevwa refije politik ayisyen yo sispann depòte yo epi ba
yo azil politik ou byen rekonèt yo kòm moun ki dwe jwenn yon pwoteksyon
espesyal annatandan.

8. nou sipòte apèl Karikom, OEA, Inyon Afrikèn, avèk manm congressional
Black Caucus la pou envestige wòl gwo pouvwa etranje yo nan koudeta
2004 la; e apèl HLLN pou envestige wòl UN/MINUSTHA, OEA, IFES, NED, Haiti
Democracy Project (HDP), Anbasad Etazini, Gwoup 184, KEP ak otorite
defakto yo, elatriye, sitout nankout maltaye kitefèt pou jwe nan vòt pèp
la jou 7 fevriye kisot pase a. HLLN ap mande tout pou’n veye pou evite
tout eskrokri kikafèt ak vòt pèp la nan dezyèm tou eleksyon lejislati a.

---------------------------------------------------------------------------------------------

NÒT POU LAPRÈS
SIPÒTE JOUNEN SOLIDARITE ENTÈNASYONAL AVÈK AYITI!

KI MOUN: Jounen solidarite entènasyonal avèk Ayiti ke Mouvman Pou
Libere Ayiti inisye e kap fèt sou banyè:’Haitian Lawyers Leadership Network
(HLLN)’ gen sipò tout rezo etidyan inivèsite, aktivis dwa moun, Avoka,
atis, epi aktivis ayisyen, òganizasyon solidarite avèk Ayiti, radyo
pwogresis ak lòt rezo media, òganizasyon reparasyon ak kominote afriken
global ki sòti nan Karayib la, Etazini, Kanada, Lafrans, Amerik Latin-n,
epi Afrik.

KISA: Mouvman Pou Libere Ayiti ki sòti nanvant HLLN ap lanse dezyèm
‘Jounen Solidarite Entènasyonal Avèk Ayiti’ nou ap mande tout moun pou
reponn apèl sa a pou sonje reyalizasyon istorik Ayiti, avansman san parèy
mouvman lavalas la fè sou jistis sosyal ak enklizyon e viktwa pèp
ayisyen an 1986, 1990, 1995, 2000 e kounye a 7 Fevriye 2006. Sipòte
(8-pwen) Rezolisyon 2006 ke HLLN fè parèt.

KILÈ: 18 Me 2006 ‘ Jounen Drapo Ayisyen se Jounen Solidarite
Entènasyonal avèk Ayiti!!!! Atwavè lemondantye, nap mande moun pou òganize yon
evènnman nan kominote pa yo pou sipòte Ayiti.

POUKISA: Pou sipòte rezistans andedan tankou dehyò peyi a, dépi Ayiti
jiska Etazini/Kanada/Lafrans ki sipòte koudeta ak okipasyon Ayiti.

POUKISA: Pou sipòte Rezolisyon 2006 Ayiti ‘Haitian Lawyers Leadership
Network’ lanse a epitou pou mande pou yo sispann touye moun, vyole fanm,
arestasyon ilegal ak pesekisyon politik an Ayiti; pou sipòte respè pou
vòt 7 Fevriye 2006 la epi regleman konstitisyonèl; pou sipòte apèl pèp
ayisyen bay otorite yo pou vanse ak tout vitès pou yo ka mete yon
palman eli kòm sadwa, tabli ou fikse dat pou inogirasyon Prezidan Preval,
epi pou sispann tout presyon ke kominote entènasyonal la apfè ak media
pou anile manda 7 Fevriye 2006 a pandan yap pale Prezidan Preval mal
oubyen fè presyon sou gouvènman an ak ekip li a pou bayo plas, pozisyon ke
pèdan eleksyon 7 Fevriye a pa merite;

POUKISA: Nan okazyon Jounen Solidarite ak Ayiti, nap mande pou
liberasyon tout prizonye politik yo avan inogirasyon Prezidan Preval; nap mande
otorite-yo pou yo dezame, pou yo mennen devan lajistis eskadron lanmò
yo, ansyen militè, atachemilitè, polisye asayan yo, epi gwoupmoun ki fè
koudeta a; pou mete an aplikasyon pwogram demobilizasyon Nasyonzini an,
Dezameman ak Re-entegrasyon egal pou moun nan katye defavorize-yo
tankou Bèlè, Sité Solèy, Matisan, elatriye; epi tou mete soupye pwogram
sosyal ke Ayisyen develope e ekzekite; demakònnen polis Ayisyen ak fòs lapè
Nasyonzini-an ak tout fòs militè, pa ankouraje okennen lamé sou tè
ayisyen, kelkeswa domestik ou etranje, men pito yon polis ki chita soubaz
kominotè; fòk yo pa refòme ansyen lame a oubyen rekonstwi fòs polis la
ak group moun ki vyole dwa moun. Mouvman Pou Libere Ayiti ap mande pou
kanpe touka ki sou depotasyon epi bay tout refijye ayisyen ‘ pwoteksyon
estati tanporè’. Nou sipòte apèl Karikom, OEA, Inyon Afriken,
Congressional Black Caucus pou envestige wòl pisans etranje yo nan koudeta a; e
apèl ke HLLN lanse pou envestige wòl Nasyonzini/Minustha, OEA, Gwop
184, KEP ak otorite defakto yo nan eskrokri elektoral pou yo teka limite
patisipasyon moun nan katye defavorize yo, pou febli e diminye valè
bilten onèt ke pèp la te vote jou 7 Fevriye 2006 la, e sekonsa HLLN ap
mande pou otorite konsene yo fè tout mwayen posib pou evite plis magouy nan
dezyèm tou eleksyon lejislati a.

POUKISA: Pou n travay an kòperasyon avèk e pou’n di elektora ayisyen-a
ki se majorite pòv ayisyen yo: ‘Ou pap mache ou byen mouri poukò w nan
chimen libèté sa ou pap mouri pou gratis. Nap fè flote koulè liberasyon
Desalin-la flote nan lemondantye jou 18 Mé 2006 la!’

AKTIVITE: Ap gen diskisyon, manifestasyon, konferans avan e jou 18 Me
2006 sou reyalizasyon istorik Ayiti; vijil, demonstrasyon devan ambasad
e batiman Nasyonzini yo; ap genyen pwogram odio ak video pou intènet
epi distribisyon DVD ak temwayaj viktim e moun kap reziste koudeta 2004
la; pou moun mete koulè ble e rouj ki se koulè peyi Dayiti; lemondantye
dwe sonje sakrilèj vyolasyon bisantnè 2004-la, epi Afriken ak zanmi
Ayisyen nan lemondantye dwe pran angajman pou voye fax, fè telefon n rouj
ouswa delivre bay anbasad Lafrans ak meriken e konsila a travè
lemondantye pou mande ké lafrans remèt 22 milya dola ke yo te volè nan men
Ayiti a, e fòk Lèzetazini peye pati nan dèt esklavaj ilegal la ke Meriken
te ‘refinanse’ nan 1914 (yo te anfose li a twavè 19 an okipasyon),
Lèzetazini te resevwa dènye peyman an 1947, aprè Pèp Ayisyen te kase chèn
lesklavaj rasyal pou te genyen endependans li.

*************************
Press Release: ANSWER THE CALL
www.margueritelaurent.com/solidarityday/18_06pressrel.html#06call

The 2006 Haiti Resolution
ANSWER THE CALL: Help protect the Feb. 7, 2006 Haitian vote
www.margueritelaurent.com/law/res2006.html

Whereas, pro-democracy, peace and human rights advocates around the world have answered the Haitian Lawyers Leadership Network’s (HLLN) call to let Haitians worldwide know “Ayisyen: You are not alone! We shall fly Dessalines’ blue and red liberating colors until Haiti is free! and support the resistance inside and outside of Haiti to the U.S./Canada/France- backed bicentennial Coup D’etat and foreign occupation of Haiti until the Feb. 7th vote is fully respected and Haiti is free of foreign armies, dominance, dependency and neoliberalist interventions” (The “FreeHaitiMovement” );

Whereas, pro-democracy, peace and human rights advocates worldwide support the FreeHaitiMovement and stand in solidarity with the people of Haiti against Coup d’etats, de facto or any sort of international protectorate and foreign occupation of Haiti and commit to denounce any attempt to vilify and pressure President Rene Preval in order to control Haiti’s pro-democracy majority and render the February 7, 2006 vote simply an opinion poll;

Whereas, members of the majority poor in Haiti are being systematically marginalized and excluded from participating in their own countries decisions, governance and are facing the absolute oppression of the the coup d’etat orchestrators and implementers, in that, since February 29, 2004 over 20,000 Haitians have been killed, today there are over 4,000 Haitian prisoners indefinitely detained, with only 10% convicted of any crime. And those in Fanmi Lavalas, President Jean-Bertrand Aristide’s party, who are not in prison or exiled, are now dead or forced into hiding as internal refugees in Haiti;

Whereas, together, with the help of friends-in-solidarity with Haiti’s freedom struggle, we Haitians at HLLN are exposing the coup d’etat sponsors’ financial colonialism and empowering all self-actualizing Haitians ultimately and peacefully making irrelevant and intolerably unseemly the patriarchy of the Western countries – these international ‘saviors’ with all their heavy weapons, callous cruelties, fraudulent machinations, powerful mainstream medias, international financings, political and corrupt diplomatic powers, whose moral poverty and collective illegal and criminal international interventions in Haiti, has historically been and still is, defenseless Haiti’s greatest deficit;

Whereas, the sacrilege of the 2004 bicentennial coup, (see 2005 Haiti Resolution) shall be remembered as Africans and friends-in-solidarity with Haiti’s freedom fighters worldwide commit to fax, call-in and deliver to the French, Canadian and US Embassies and Consulates worldwide, the people of Haiti’s demand that France, Canada, the US and the international community respect Haitian sovereignty, stop inflicting Haiti with their traditional “benevolence,” racism, patriarchy and incessant corrupt intervention in Haiti’s affairs, through foreign “aid” and debt. For, it’s the INTERNATIONAL EFFORT that has brought Haiti where it stands today;

Whereas, Africans and friends of Haiti worldwide shall deliver to the French and US Embassies and Consulates worldwide, a letter, on or before May 18, 2006, demanding that France pays back the 22 Billion dollars and the US pay back the (1914 to 1947) additional portion of that original illegal slave-trade debt the US also extorted from Haiti with its “refinancing” of this illegal blood debt (enforced, through a 19-year U.S. occupation), the final payment made in 1947 to the United States, after Haiti’s people had broken, in combat, the chains of racial slavery to win their independence;

Now therefore, the undersigned pro-democracy advocates hereby present this 8-points Haiti Resolution to the world as articulated by HLLN and endorsed by the grassroots/pro-democracy base and community leaders of Haiti’s poor majority and the sponsors of the FreeHaitiMovement:

Be it resolved, all who stand in solidarity with the people of Haiti and wish to join the FreeHaitiMovement may adopt the following “8-Points Haiti Resolution” or its equivalent, and commit to use best efforts to support and demand:

1. A stop to the killings, rapes, arbitrary arrests and political
persecutions in Haiti;

2. Respect for the Feb. 7, 2006 vote and Constitutional rule;

3. Support the people of Haiti’s call for the authorities to progress with all deliberate speed to sit a free and duly elected Haitian Legislature, set a date firm for the inauguration of President Rene Preval, and to stop further pressures from the

international community, mass media that would negate the Feb. 7, 2006 people’s mandate by vilifying President Rene Preval or pressuring his government and team into International Financial Institution (IFIs) compromises and giving seats, power or unmerited positions to the losers of the Feb. 7th elections;

4. Release of all political prisoners before Preval’s inauguration;

5. The disarmament, prosecution and bringing the death squads, ex-military, paramilitaries, renegade police and coup d’etat orchestrators to justice; support the equal application of the UN’s Demobilization, Disarmament and Reintegration program to the people in the poor neighborhoods such as Bel Air, Site Soley, Solino, Gran Ravin, Martisan, et al, but with Haitian-led and designed social programs and without remobilizing the former military or reconstituting well known human rights violators or coup detat enforcers into the police force.

6. The demilitarization of the Haitian police and UN peacekeepers, promoting not any army on Haitian soil, foreign or domestic, but community-based policing; community-focused UN and Haitian police work and training and the banning of UN tanks, heavy weapons, equipments and all small arms exports to Haiti;

7. A stop to deportations and that temporary protected status be given to fleeing Haitian refugees;

8. Support the calls by CARICOM, OAS, African Union, Congressional Black Caucus for investigations into foreign powers’ role in the 2004 coup d’etat; and the call by HLLN for investigation into the role of UN/MINUSTHA, OAS, IFES, NED, Haiti Democracy Project (HDP), US Embassy, Group 184, CEP and the de facto authorities, et al, in electoral fraud to dilute* the Feb. 7, 2006 people’s vote, including HLLN’s call to prevent further fraud in the second Legislative rounds.

****************

INTERNATIONAL HAITI SOLIDARITY DAY

May 18, 2006 FreeHaitiMovement
** PRESS RELEASE ** PRESS RELEASE **

CONTACT:
HAITIAN LAWYERS’ LEADERSHIP NETWORK
Erzilidanto@yahoo.com
******

ANSWER THE CALL
MAY 18, 2006

THE FreeHaitiMovement’s INTERNATIONAL SOLIDARITY DAY WITH HAITI

Stand with the people of Haiti against the Coup, the de facto protectorate and foreign occupation of Haiti.

JOIN THE LIST OF SPONSORS!

*****

WHO: The Free Haiti Movement’s INTERNATIONAL SOLIDARITY DAY WITH HAITI has been initiated and sponsored by the Haitian Lawyers Leadership Network (HLLN) and co-sponsored by a network of university students, human rights’ activists, lawyers, artists, Haitian activists, Haiti solidarity organizations, progressive radio and press outlets, reparation organizations and the global African community from the Caribbean, U.S., Canada, France, Latin America, Africa.

WHAT: HLLN’s Free Haiti Movement is launching its second INTERNATIONAL SOLIDARITY DAY WITH HAITI and asking everyone to ANSWER THE CALL ‘ remember Haiti’s historical accomplishments, the unmatched achievements towards inclusion and social justice of the Lavalas Movement in Haiti and the Haitian people’s triumphs in 1986, 1990, 1995, 2000 and now February 7, 2006. Support HLLN’s 2006 Resolution (8-points).

WHEN:
May 18, 2006 – Haitian Flag Day is International Solidarity Day with Haiti!!! Worldwide, people are asked to organize an event in their community in support of Haiti.

WHY:
To support the resistance inside and outside of Haiti to the U.S./Canada/France-backed Coup D’etat and foreign occupation of Haiti.

WHY:
To support the Haitian Lawyers Leadership Network’s 2006 Haiti Resolution and call for a stop to the killings, rapes, arbitrary arrests and political persecutions in Haiti; to support respect for the Feb. 7, 2006 vote and Constitutional rule; to support the people of Haiti’s call for the authorities to progress with all deliberate speed to sit a free and duly elected Haitian Legislature, set a date firm for the inauguration of President Rene Preval, and to stop further pressures from the international community and mass media that would negate the Feb. 7, 2006 people’s mandate by vilifying President Preval or pressuring his government and team into giving seats, positions or unmerited positions to the losers of the Feb. 7th elections;

WHY: On this International Solidarity Day with Haiti we are calling for the release of all political prisoners before President Preval’s inauguration; asking the authorities to disarm, prosecute and bring the death squads, ex-military, paramilitaries, renegade police and coup d’etat orchestrators to justice; to apply the UN’s Demobilization, Disarmament and Reintegration program equally to the people in the poor neighborhoods such as Bel Air, Site Soley, Solino, Martissant, et al, with Haitian designed and implemented social programs; Demilitarize the Haitian police and the UN peacekeepers, promoting not any army on Haitian soil, foreign or domestic, but community-based policing; to not remobilize the former military or reconstitute human rights violators into the police force.The Free Haiti Movement is demanding that deportations cease and temporary protected status be given to fleeing Haitian refugees. We support calls by CARICOM, OAS, African Union, Congressional Black Caucus for investigations into foreign powers’ role in the coup d’etat; and the call by HLLN for investigation into the role of UN/MINUSTHA, OAS, Group 184, CEP and the de facto authorities in electoral fraud to limit voter participation from the poor areas and then dilute and diminish the value of the Feb. 7, 2006 people’s votes honestly cast, including HLLN’s call to prevent further fraud in the second Legislative rounds.

WHY: To work cooperatively with and say to the Haitian voters and Haiti’s majority poor: “You shall not walk or die along this freedom road alone or in vain. We shall fly Dessalines’ liberating colors on May 18, 2006 worldwide!”

ACTIVITIES:
There will be teach-ins, rallies and lectures before and on May 18, 2006 about Haiti’s historical accomplishments; vigils, pickets outside embassies and U.N. buildings; audio and video streaming for internet and DVD distribution of testimony from victims and resisters of the 2004 coup d’etat; the wearing and flying of the blue and red colors of Haiti; and, the sacrilege of the 2004 bicentennial coup, shall be remembered as Africans and friends of Haiti worldwide commit to fax, call-in and deliver to French and US Embassies and Consulates worldwide the People of Haiti’s demand that France pays back the 22 Billion dollars it extorted from Haiti, and the US pays back its portion of this illegal slave-trade debt which was ‘refinanced’ by the US in 1914 (enforced, through a 19-year occupation), the final payment made in 1947 to the United States, after Haiti’s people had broken the chains of racial slavery to win their independence.

*********

DESSALINES RISING WORLDWIDE!
(1806 – 2006)

Dessalines Rising Worldwide! Answer the call – Join the list of sponsors for this Haiti Liberation Day Movement! (Send an e-mail to erzilidanto@yahoo.com)

All people of conscience invited to sponsor in event.

***********************************
Forwarded by the Haitian Lawyers Leadership Network
***********************************

  
Main Index >> Haiti Index